XI PREMIOS DE LA DIASPORA 2024

0


Repiblik Dominikèn pou yon ènyèm fwa sot akeyi gwo evènman sa ki batize
"Semaine de la Diaspora".

Bèl aktivite sila te ofisyèlman lanse nan Elias Piñas samedi kite  13 avril 2024 anba zye plizyè gwo otorite tankou reprezante OIM, imigrasyon dominikèn, responsab chèf fontyè Elias Piñas, western union, vimenca pou m site sa yo sèlman. 


Pandan lansman ofisyèl kokenn chènn aktivite sa, otorite fwontalyè nan Elias Piñas te pwofite senbolikman koupe yon riban nan optik pou ankouraje yon politik de bon vwazinaj antre 2 peyi yo .

Nan menm samdi sila, nan zona colonial, aktivite te rapousib kote de atizan ta pral gen posibilite pou ekspoze zèv yo. Pami  yo Jean Philippe Moiseau, Raphaël Diaz, Lagarde Sanon, Lily Anson, Liverta Taniclas, Ana Marie Lopez, Georipley, Friztner Cedon. 
Nan menm "Semaine de la Diaspora"  sa a, aktivite yo tap kontinye chimen yo ofri yon grand final 9 èm copa Dominicano-Haitiana .
Fas a fas sa antre Ayisyen ak Dominicano-haïtiana ki ta pral fini sou yon score 4-2 .
Ekip Ayisyen an ki tap al rantre lakay li ak yon bel twofe.

Nan jeudi ki te 18 avril, nan kad bèl evènman sa, anpil moun ta pral patisipe nan lansman liv transandans, transformé votre, guidé votre nation .
Lansman sa te fèt nan oditorium de la PUCMM  Campus santo Thomas. 
Auteur sa se Ing. Gaetjens Thélusma.
Nan vandredi aktivite Semaine lan tap kontinye kote te gen yon bel Concert Gospel ki te fe nan L'eglise sur le rocher kote Pasteur James Paula ap dirije nan Las americas.

Nan samedi ki te 20 avril 2024 la, se ta pral kloti gwo evènman sa a, avèk yon bèl sware gala ki jeneralman batize sware Premios de la Diaspora. 
Nan bèl sware gala sa, nou te remake prezans kèk pèsonaj enpòtan nan sal tankou atis Farah Juste ki sòti miami, Julio Midy ki se PDG Radio Télé Concorde nan Boston, Mèt Aland Cadet reprezantan Jeunes Concients.

Nan fen sware an, ta pral gen plizyè sitwayen ki ta pral resevwa pri .
Pami moun ki resevwa pri pou ane sa, nou genyen : 

William Ramos, Révérend Leonel Charles, Révérend James Paula, Betania perez julis, Loubenson Norvilus,
Virgilio Felix almanzar Extrella, Marie belle Nunez, Jean Michel Dugue, Karibert Toussaint, 
Ana Mitila Laura . 
 Mesye Edwin Paraison ki se prezidan ak direktè egzekitif fondation Zile ki se an menm tan inisyatè kokenn chènn aktivite sa,  te pran mikwo an pou l te salye e remèsye tout moun pou prezans yo

Tou swit aprè yo te fin remèt pri yo, kòdonatris aktivite sa ki se madame Immacula Samuel Rosier ta pral pran la pawòl pou l manifeste rekonesans anvè tout moun ki te pote kole pou ede reyalize bèl evènman sa .

Fondasyon zile nan tèt kole ak anbasad Ayiti nan repiblik Dominikèn, bay tout moun randevou pou lane pwochèn pou yon lòt pi bèl Semaine de la Diaspora.










Sin comentarios